KOPI ACHIV >
Sondaj sou Sekirite Alimantè an Ayiti
Kolekte enfòmasyon ki pral pèmèt nou ede pwodui ak distribye plis manje
Konsènan sondaj sou sekirite alimantè an Ayiti
SIT SA A PA AKSEPTE DONE ANKÒ
KIYES KI KONSENE NAN SONDAJ SA A?
Sondaj la louvri pou tout kowoperativ, asosyasyon, ONG, agribiznis, gwoupman relijye, fondasyon ak ajans gouvènman ki enplike nan:
- pwodiksyon manje ak ti plantè
- propriyetè ti bank semans
- distribitè manje
KI REZILTA SONDAJ SA A FIKSE?
1) Jwenn done egzat e ki aktiyalize konsènan pwodiksyon agrikòl ti plantè yo;
2) Aprann egzakteman sa ki te ka nesesè pou ogmante pwodiksyon manje ti plantè yo, epi konnen kantite potansyèl ogmantasyon pou chak kilti ki konsène;
3) Jwenn detay sou operasyon bank semans kominotè yo ki konekte ak pwodiksyon manje, ak kijan yo ta ka agrandi;
4) Jwenn enfòmasyon detaye sou pwogram distribisyon manje ki egziste deja, ak tout kantite y’ap achte kounye a sou mache lokal la; ak
5) Aprann egzakteman kisa ki te ka nesesè pou ogmante acha lokal pou pwogram distribisyon manje yo, epi konnen kantite potansyèl ogmantasyon pou chak kilti ki konsène.
KÒMAN ENFÒMASYON SA YO PRAL ITILIZE?
Nou espere ke enfòmasyon ke n’ap rasanble yo pral konplete travay twa platfòm kle ki egziste deja nan kesiyon sekirite alimantè an Ayiti: Coordination Nationale de la Sécurité Alimentaire, OCHA Humanitarian Response ak Food Security Cluster.
KONTÈKS JENERAL?
Kontèks jeneral sondaj sa a prezante nan yon atik ki pibliye sou entènèt 7 me pase a “Integrating Emergency Food With Smallholder Recovery in Haiti.”
KISA W AP BEZWEN POU RANPLI SONDAJ Y KONBYEN TAN SONDAJ SA A AP PRAN POU YON MOUN RANPLI L’?
Nou estime ke li pral pran w’ yon 40 minit konsa pou w’ ranpli sondaj la. Si w’ap ranpli seksyon sou Pwodiksyon Manje ak / oswa Bank semans, l’ap pi fasil si ou deja gen detay sou pwodiksyon ki prevwa pou chak kalite rekòt. Men si ou bezwen chèche enfòmasyon sa yo pou w’ ranpli nenpòt kesyon, ou ka anrejistre sondaj la nenpòt ki lè epi retounen ajoute enfòmasyon ki te manke yo. Ou ka telechaje tou PDF nan kesyon yo nan chak seksyon (gade “Enstriksyon” anba a) pou ede òganize repons ou yo.
Enstriksyon
Ranpli sèlman seksyon ak kesyon ki konsène tip òganizasyon pa w’ la.
ANREJISTREMAN AK MODIFIKASYON:
nan divès pwen nan sondaj la, w’ap gen opsyon pou w’ “anrejistre repons ou yo epi soti pou kounye a”. Nan pwen sa a, ou klike sou “wi” epi sou , “aprè”. Yon nouvo paj ap parèt kote ou klike sou “soumèt”, menm si fòm ou an pa ko konplè. Ou pral otomatikman resevwa yon imèl ki soti nan “Google Forms” ak sondaj ou a epi ou ka klike sou “modifye repons” nan imèl la direkteman pou w’ ka kontinye ranpli ak / oswa modifye sondaj ou..
KILOGRAM:
Nou mande pou itlize Kilogram kòm inite mezi nan sondaj sa a, sof pou pwodwi letye yo.
Sonje: 1 Tòn = 1,000kg e
1 liv = 0.45 kg
ENPRESYON KESYON YO:
Pou nou ka ede w’ rasanble enfòmasyon nesesè pou w’ ka reponn ak kesyon sondaj ki sou entènèt la, ou ka telechaje yon vèsyon PDF kesyon yo pou chak seksyon (kopi PDF sa yo pap ka itilize pou reponn ak kesyon ki nan sondaj la):
ÈD:
Si w’ gen kesyon sou fason w’ dwe ranpli sondaj sa a, voye yon mesaj nan adrès sa a ki tou eksplike pwoblèm ou an silvouplè:
haitifoodalliance@gmail.com.
Ou kapab itilize fòm kontak ki sou paj akèy nou an (Fòk nou anrejistre epi soumèt repons nou yo avan nou fè sa).
DAT LIMIT:
Nou mande ke tout moun fin ranpli e soumèt sondaj sa a 17 Out 2020 pou pi ta.
SIT SA A PA AKSEPTE DONE ANKÒ
